Jezi-Kris: Dye Tou-Pisan

« Wi, men sa’m mande nou: Se pou nou yonn renmen lòt. Si moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi’m anvan yo te rayi nou. Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò. Chonje sa’m te di nou: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Si yo pèsekite’m, y'a pèsekite nou tou. Si yo fè sa’m te moutre yo, y'a fè sa n'a moutre yo tou. Men, y'ap fè nou tou sa poutèt mwen, paske yo pa konnen moun ki te voye’m nan. Si’m pa’m vini, si’m pa’m pale avè yo, yo pa ta antò, yo pa ta fè peche. Men, koulye a yo pa gen eskiz pou peche yo. Moun ki rayi’m, li rayi Papa’m tou. Si’m pa’m fè bagay okenn lòt moun pa’m janm fè nan mitan yo, yo pa ta antò, yo pa ta fè peche. Men, koulye a yo wè sa’m fè, yo rayi ni mwen ni Papa mwen. Men, yo fè tou sa pou pawòl ki ekri nan Lalwa yo a te ka rive vre: Yo rayi’m san’m pa fè yo anyen » (Jan 15:17-25).

Anvi padone anvayi lespri yon Kretyen lè’l ta tande yon pechè ka’p dechaje pawòl ki plen rayisman sou do Mesi ki ba’l la vi a, ki kenbe la vi’l, e ki ofri’l la vi etènèl. Kalite kout kòlè sa yo konn rive pi wo lè, san avètisman, yon misyonè ta frape pòt kay moun sa a ki gen san rayisman pou’l ta di’l : ‘Jezi se Dye Tou Pisan’. Genyen k'ap frape pòt la nan figi’l, gen lòt kap louvri bwat betiz yo. Genyen ki pran pòz ke’L pa egziste, e si’L ta egziste, Li se yon fab o swa yon imajinasyon menm jan ak fo dye Grèk yo. Gen yon lòt kalite menm se sou mayo yo ekri tout kalite pawòl pou yo fè moun konnen ki jan yo pa vle wè nèg sa yo rele Jezi a. Pandan te gen moun ki t'ap pwoteste nan la ri nou ka wè yon moun ki kenbe yon pankat nan men'l ki di konsa: ‘si Jezi tounen, touwe’L ankò’. Lè wa’l sou intènèt ou jwen menm kalite koze rayisman sa yo. (1) Gen yon foto ki gen gwo lèt sou li ki di konsa : ‘Hitler, pou ki sa ou pa’t touye Jezi ?!’.(2) Yon san zabri kenbe yon moso katon nan men’l ki di : ‘Mwen rayi Jezi’. (3) ‘Si Jezi tounen ankò, nap touye’L.’

Se yon bagay nòmal pou lemond rejte divinite Jezi a, men lè se yon swa dizan kwayan andan Legliz ki di ke’l kwè nan tout sa bib la di a e a tout sa li rejte’L, sa se yon lòt pè demach. Lanmou lèzòm gen pou plezi fè yo griyen dan sou istwa Kalvè a. Yon moun gen dwa pou’l ta mande: 'Poukisa Bondye ki ni kòmansman ni la fen, rive bay yon moun konsa la vi ou byen menm rive mouri pou li? Se sèlman lanmou san parèy Bondye a ki ka kanpe pou’l sipòte tout kout pwen ke moun san lanmou sa yo ap tire sou Li. Mesi a fè sa lèzòm pa't ka fè, Li pa’t dakò sèvi ak divinite’L la, e li demontre ki jan’l gen lanmou pou yon mond mechan.

Pi gwo mistè ke lèzòm rankontre nan Bib la se keksyon de gen twa moun ki Bondye pandan setan menm Bondye a se yon sèl. Pou kèk nan nou ki gen la fwa, sa pa pwoblèm men pou sa ki gen dout kap siyonnen nan kè yo, yo a bout nan chache konprann mistè sa swa pa rezònman swa pa lojik. Konpleksite mistè a pa ka rezoud menm jan yon jwèt devinèt jwenn solisyon. O kontrè, sa gen kèk tan e jis kounye a li rete yon doktrin nan bib la ki gen pi plis pale anpil. Es ke yon moun ta dwe sètifye kòm yon gwo doktè biblik pou’l ka detekte oswa deklete divinite Kris la? Atik sa pap ni premye ni dènye k'ap ekri pou’l ka fè moun wè ak konprann ke Jezi se Bondye.

Divinite Kris la kontinye sibi menas san siksè ak yon sèl pawòl: Kris la gen yon kòmansman : ‘Jezi te fèt tankou tout moun’. Si’n ta vwayaje e’n ta tounen nan tan lontan, anvan Kris la te fèt, lè pa’t gen okenn entelektyèl biblik, lè pa’t gen okenn seminè tewolojik, lè pa’t gen okenn Farizyen, pa gen okenn doktè nan lalwa, posibilite pou plede kont oswa rejte nati Emaniyèl la pa't egziste. Petèt nan tan sa, okenn moun pa’t menm kesyone idantite “ Zanj Letènèl la ” . Petèt sa ta va yon gwo sezisman lè yon moun ki abitye li la bib te resi dekouvri ke Bondye te parèt sou Abraram tankou yon moun (Jenèz 18:1-13, 16-17). Gen kèk moun ki ka plede ke se Papa a ki te parèt devan Abraram, men Kris la li menm konfime ke chak fwa Bondye parèt fas-a-fas devan lèzòm se Li menm menm ki parèt: « Pyès moun pa janm wè Papa a. Sèl moun ki wè Papa a, se moun ki soti bò kote Bondye ye a » (Jan 6:46).

Non sèlman Bondye te pran fòm yon moun lè’l ta’l kot Abraram, men tou li te manje menm jan moun manje (Jenèz 18:8). Pandan se tan, lè Seyè a parèt devan papa Samson nan fòm moun (Jij 13:11), Li te refize manje manje yo te ofri’l la: « Manoak di mesaje Seyè a: Tanpri, poko ale. Kite nou kwit yon jenn ti kabrit pou ou. Mesaje Seyè a di Manoak konsa: Menm si mwen rete mwen p'ap manje manje w'ap ban mwen an. Men si ou vle, touye yon ti kabrit, boule’l nan dife tankou yon ofrann pou Seyè a. Manoak pa't ankò konnen si se te yon mesaje Seyè a ki te devan’l » (Jij 13:15-16).

Tout pwofesi ki te lonje dwèt sou premye misyon Sovè a te fè nou konnen ke Jezi tapral fèt. (Jenèz 3:15; 12:3; Danyèl 9:25; Resansman 24:17; Miche 5:2; Ezayi 7:14; Revelasyon 12:1 – 5). San pale anpil, nou ka di ke mo ‘nesans’ la mete nan lespri nou yon imaj ki gen rapò ak 'kreyasyon' oswa 'kòmansman'. Sepandan, zanj dechi yo (move lespri yo, dyab yo) konnen san mank ke nesans Jezi a se yon tranzisyon ki pa menm bagay ditou ditou ak 'kreyasyon'. Yo te konnen ki moun Kris la te ye nan syèl la (Revelasyon 12:7), e non sèlman yo rekonèt Li men yo pwouve ke yo konn ki yès Li ye sou la tè (Matye 8:29).

Nan premye anons pwofetik la ki fè nou konnen ke Jezi ta pra’l vin sou latè, nou jwenn yon mo ki sanble tèt koupe ak mo ‘nesans’ la : ‘pitit pitit’. Yon pitit pitit sòti andan yon lòt moun. Nan mitan tout koze sa yo, ki jan nap ka konprann prezans Sovè ki san peche a andan vant Lavyèj Mari ki plen peche? Kwazman sa rann nati Jezi-Kris la pi konplike toujou. Pou n’al pi lwen ke sa, bib la fè nou konnen ke Jezi-Kris se pitit pitit David (Matye 9:27; 12:33; 15:22). Ki jan nou ka eklèsi kalite pawòl pwa lou sa? Se la nou bezwenn aplike sa ki ekri nan I Korent 2:14 : « Yon moun ki pa gen Lespri Bondye a nan kè’l pa ka aksepte verite ki soti nan Lespri Bondye a. Pou li, se pawòl moun fou yo ye. Li pa kapab konprann yo, paske se Lespri Bondye a ki pou ede’l egzaminen yo ». David mouri lontan anvan Mari te fèt? Pou gate sa pi plis, yo rele Jezi 'Pitit Bondye a’ (Jan 1:34), 'Pitit Abraram nan’ (Matye 1:1) ak yon pil lòt. Eske Bondye pa’t enspire Miche pou’l te prezante nou tou lè de pati Jezi yo (moun ak Bondye)? « Seyè a di ankò: Men ou menm, lavil Betleyèm, Efrata, ou se yonn nan pi piti nan tout lavil peyi Jida yo, se vre! Men, se nan mitan’w [moun] m'ap fè soti pou mwen yon chèf pou pèp Izrayèl la, yon chèf ki egziste depi nan ansyen tan, nan tan lontan lontan [Bondye] » (Miche 5: 2). Nan mitan’w vle di ke Jezi ap soti nan vant yon moun peyi Jida, men nan tan lontan lontan se yon lòt non ke Bondye genyen selon Danyèl 7:9,13, 22.

Jezi, aktè prinsipal bib la, kle ki bay moun la vi ki pap janm fini a, Li menm ki se pyebwa la vi, li tèlman yon mistè nou oblije defèyte paj bib la pou’n moutre'w tout bagay nou paka konprann ke’L te fè pandan’L te moun.

• Nan kòmanse misyonn nan, Li te fè 40 jou anba tantasyon san manje anyen: « Jezi tounen soti bò larivyè Jouden an; Li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri Bondye a mennenl nan dezè a. Se la Satan vin tante’L pandan karant jou. Tout jou sa yo Li pa’t manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, Li te grangou » (Lik 4:1-2).
• Le’L te gen douzan, Li te degaje’l jan’L konnen pandan twa jou san manman’n: «Chak lanne pou fèt Delivrans lan, manman ak papa Jezi te konn ale lavil Jerizalèm. Lè Jezi vin gen douzan, yo moute Jerizalèm al nan fèt la jan yo te toujou fè. Lè jou fèt yo fin pase, moun yo t'ap tounen lakay yo. Ti Jezi menm rete lavil Jerizalèm. Men, papa’l ak manman’l pa t' wè sa. Yo te kwè li te avèk lòt moun ki t'ap vwayaje ansanm ak yo. Yo mache tout yon jounen. Se lè sa a yo pran chache’l pami fanmi yo ak zanmi yo. Men yo pa jwenn li. Yo tounen Jerizalèm al chache li. Apre twa jou, yo jwenn li nan tanp lan, chita nan mitan dirèktè yo. Li t'ap koute yo, li t'ap poze yo keksyon tou » (Lik 2:41-46).
• Li ka santi yon men manye’l menm lè se rad ki sou Li a men an te manyen: « Li te tande pale sou Jezi. Li fofile kò’l nan foul la pa dèyè Jezi, epi’l manyen ke rad Li. Fanm lan te di nan kè’l: Si’m kapab manyen ke rad Li sèlman, m'a geri. Menm lè a san an rete, epi madanm lan santi kò’l gaya. Latou, Jezi santi te gen yon fòs ki soti nan Li; Li vire nan mitan foul moun yo, Li di konsa: Ki moun ki manyen rad mwen an, en? (Mak 5:27-30).
• Li konn tout sa’k nan tèt yon moun san moun nan pa konnen: « Te gen kèk dirèktè lalwa chita la; yo t'ap di nan kè yo: Pouki nonm sa a pale mal sou Bondye konsa? Ki moun sou latè ki kapab padonnen peche? Sa se travay Bondye sèlman. Menm lè a Jezi te gen tan konnen nan fon kè’l sak t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: Poukisa n'ap fè lide konsa nan kè nou? » (Mak 2:6-8).
• Li ka bay eksplikasyon sou nimpòt moun : « Lè Jezi wè Natanayèl ap vin bò kote’l, Li di sou li: Men yon moun pèp Izrayèl tout bon. Se yon nonm ki pa gen riz nan li. Natanayèl mande’L: Ki jan ou fè konnen’m? Jezi reponn li: Anvan Filip te rele’w la, mwen te wè’w lè’w te anba pye fig frans lan. Lè sa a, Natanayèl di’L: Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la! » (Jan 1:47-49). Bondye Papa a, ke okenn moun pa janm wè, egziste pou anpil moun. Pandan se tan, Kris la ke tout moun te ka wè ak de je yo, anpil nan yo te di ke’L paka Bondye. Èske divinite la sèlman pou yon èt vivan ki envizib? Si se konsa sa ye, pa gen moun ki ka di ke le Sentespri pa Bondye

Pou’w ka Bondye, fò’w ka konnen ni konmansman ni la fen—Jezi pa konn ki jou l'ap retounen vin chache nou (Matye 24:36). Pou’w ka Bondye, fò’w ka gen la vi nan ou san se pa lòt kote’l soti—Jezi te fèt nan vant yon moun e’L te gen tout nesesite lèzòm genyen pou’L te ka viv tankou moun (Ezayi 7:14). Pou’w ka Bondye, fò’w ka egziste san’w pa pase nan okenn aktive kreyasyon. Pou’w ka Bondye, fò’w pa jan’m grangou, ni santi doulè, ni fatige-Jezi te sibi tout bagay sa yo (Matye 4:2; Jan 4:6). Pou’w ka Bondye, fò’w ka al kote’w vle san machin, san bato, san avyon etsetera—Jezi te oblije mache tout kote’L ta prale.

Dèske la bib moutre ke se sèl Bondye ki posede tout kalite pisans sa yo, nou ka met divinite Jezi a de kote paske’L pa posede yo. Tout bon ? Nou paka limite dimansyon Kreyatè syèl la ak tè a nan konpreyansyon pa’n. Si yon moun ta di ke’l konnen tout sa’k gen pou konnen de Bondye li ta vle fè konprann ke labib eksplike tout sa Bondye ye ak tout sa’L ka fè (Ezayi 40:28 ; Detewonòm 29:29). Dèske’m sot moutre nou ke Jezi gen limit nan Li, kounye a ann gade pou nou wè ki lòt koze ki genyen andan bib la sou Jezi.

Jezi-Kris se Bondye nan Kò Moun

1. Ezayi 7:14 te akonpli nan Matye1:23, « Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. y'a rele’L Emanyèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou) »
2. « Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li » (Jan 1:14).

Jezi-Kris La Pou Tout Tan Ki Gen Tan

1. Miche 5:2 ak Sòm 93:2 ap bay lanmen paske yo dakò menm lè Jezi pran la vi nan yon moun, li pa gen ni kòmansman ni fen. « Seyè, gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan. Ou menm, ou la depi tout tan ».
2. Nan Jan 8:58, men sa Jezi te di Farizyen yo : « Anvan Abraram te li menm, Mwen se Mwen, Mwen te la deja ».
3. Nan Ezayi 44:6 Bondye di: « Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl ». Nan Revelasyon 1:17 Jezi di: « Se Mwen ki premye, se Mwen ki dènye ».

Jezi-Kris Rele ‘Bondye’

1. Papa a rele Pitit la ‘Bondye’: « O Bondye, gouvènman’w lan la pou tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi’w la. Ou te renmen tou sa ki byen. Ou te rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye’w la chwazi’w. Li fè kè’w kontan nèt ale, li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi’w yo. Yon lòt fwa, li di ankò: Se ou menm, Mèt la, Bondye ki te kreye latè nan konmansman. Se avèk men’w ou te fè syèl la » (Ebre 1:8-10).
2. Jan fè espre li kòmanse Levanjil li a ak divinite Jezi-Kris la: « Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou » (Jan 1:1) aprè sa li fè’n konnen ke’l te nan kò moun pandan’l te toujou Bondye « Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li » (Jan 1:14).
3. Toma rele’L « Seyè mwen, Bondye mwen! » nan Jan 20:28.
4. Fò’k nou pa blye tout non sa yo li te gen pou’l resevwa nan Ezayi 9:6 « Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele’l: Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a! »

Jezi-Kris Tou Patou (Omniprezan)

1. « Chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non Mwen, M'ap la nan mitan yo » (Matye 18:20).
2. « Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba » (Matye 28:20).

Jezi-Kris Ka Fè Tout Bagay (Omnipotan)

1. « Se nan Kris la nou jwenn tou sa Bondye ye. Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa » (Kolòs 2:9-10).
2. « Se pou’n fè yonn ak Mwen, menm jan Mwen fè yonn ak nou. Yon branch pa ka donnen pou kont li si’l pa fè yonn ak pye rezen an. Konsa tou, nou p'ap kapab donnen si nou pa fè yonn ak Mwen. Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè’m, moun Mwen fè yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san Mwen » (Jan 15:4-5).

Jezi-Kris Konn Tout Bagay (Omnisyan)

1. Se nan konn tout bagay ki fè fanm Samariten an te ka vin konnen ke Jezi se yon Pwofèt: « Jezi di’l konsa: A’l rele mari’w. Apre sa, tounen vin jwenn mwen isit la. Fanm lan reponn: Mwen pa gen mari. Jezi di’l konsa: Ou gen rezon di’w pa gen mari. Paske, ou pase senk mari deja. Epi nonm k'ap viv avè’w koulye a, se pa mari’w li ye. Ou pa ban’m manti. Lè sa a, fanm lan di’l: Gen lè ou se yon Pwofèt, msye? » (Jan 4:16-19).
2. Natanayèl te sezi wè ke Jezi konn ki yès li te ye: « Lè Jezi wè Natanayèl ap vin bò kote’l, li di sou li: Men yon moun pèp Izrayèl tout bon. Se yon nonm ki pa gen riz nan li. Natanayèl mande’L: Ki jan’w fè konnen’m? Jezi reponn li: Anvan Filip te rele’w la, Mwen te wè’w lè’w te anba pye fig frans lan. Lè sa a, Natanayèl di’Li: Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la! » (Jan 1:47-49).

Jezi-Kris Gen Pouvwa Pou’L Kreye

1. « Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou. Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman. Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pa’t gen anyen ki te fèt san Pawòl la » (Jan 1:1-3).
2. « Se ak Li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak Li Li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou Li Li te kreye yo.Kris te la anvan tout bagay. Se nan li yo tout jwenn plas yo » (Kolòs 1:16-17)
3. « Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou’l te ka pale ak zansèt nou yo. Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non Li. Se ak Pitit sa Bondye te kreye tout bagay. Se Li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt. Pitit sa reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li Menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl Li. Lè'L fin delivre moun anba peche yo, Li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a » (Ebre 1:1-3).

Jezi-Kris Resevwa Adorasyon

Gen anpil moun ki te fè deklarasyon piblik ke Jezi-Kris pa lòt bagay ke Bondye:

a. Nan men Nèg Save yo – « Yo antre nan kay la, yo wè ti pitit la ansanm ak Mari, manman li. Yo mete ajenou devan’l, yo adore’l. Apre sa, yo louvri sak yo, yo ba li anpil kado: te gen lò, lansan ak lami » (Matye 2:11).
b. « Lè sa a, yon nonm ki te gen lalèp pwoche bò kote’l, li tonbe ajenou devan Jezi, li di’l konsa: Mèt, si ou vle, ou ka geri’m » (Matye 8:2).
c. « Lè sa a, moun ki te nan kannòt la vin mete ajenou devan Jezi, yo di: Ou se pitit Bondye a vre » (Matye 14:33).
d. « Men, fanm lan vini, li met ajenou nan pye Jezi li ba’L omaj, li di’L konsa: Mèt, fè kichòy pou mwen non » (Matye 15:25).
e. « Jezi te vin konnen yo te mete nonm ki te avèg la deyò nan sinagòg la. Lè li kontre avè’l, Li di’l konsa: Eske’w kwè nan Moun Bondye voye nan lachè a? Nonm lan reponn li: Mèt, di’m ki moun Li ye pou’m ka kwè nan Li? Jezi reponn li: Apa w'ap gade’L! Se li menm k'ap pale avè’w la. Nonm lan di: Seyè, mwen kwè. Epi li tonbe ajenou pou’l adore Jezi » (Jan 9:35-38).
f. « Fanm yo kouri kite kavo a. Yo te pè, men an menm tan tou yo te kontan. Yo t'ap kouri pote nouvèl la bay disip yo.Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo, li di yo: Bonjou, medam. Yo pwoche bò kote’L, yo kenbe pye’L', yo adore’L. Lè yo wè’L, yo adore’L. Men, te gen nan yo ki pa’t fin kwè nèt » (Matye 28:8-9, 17).
g. « Apre sa, li mennen yo an deyò lavil la, bò Betani, epi li leve men li pou’L beni yo. Antan l'ap beni yo konsa, li separe ak yo, li moute nan syèl la. Yo menm menm, lè yo fin adore’L, yo tounen lavil Jerizalèm ak yon gwo kè kontan. (Lik 24:50-52).

Jezi-Kris Padone Peche

1. « Jezi wè jan yo te gen konfyans nan Li, Li di nonm paralize a: Pitit mwen, peche’w yo padonnen. Te gen kèk dirèktè lalwa chita la; yo t'ap di nan kè yo: Pouki nonm sa a pale mal sou Bondye konsa? Ki moun sou latè ki kapab padonnen peche? Sa se travay Bondye sèlman. Menm lè a Jezi te gen tan konnen nan fon kè’L sak t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: Poukisa n'ap fè lide konsa nan kè nou? Kisak pi fasil pou’m di nonm paralize a: Peche’w yo padonnen; osinon: Leve kanpe, pran nat ou, mache? Enben, M'ap fè nou konnen, Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, Mwen gen pouvwa sou latè pou’m padonnen peche. Lè sa a, Jezi di nonm paralize a: Mwen di’w: leve kanpe, pran nat ou, al lakay ou » (Mak 2:5-11).

Jezi-Kris Gen Pouvwa sou la Vi’l ak Lanmòl

« Papa a renmen’m, paske m'ap bay lavi’m pou’m ka repran’l ankò. Pesonn pa ka wete lavi’m, se mwen menm ki bay li paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou’m bay li, mwen gen pouvwa pou’m repran’l ankò. Se sa menm Papa a te ban’m lòd fè » (Jan 10:17-18).

Ann remake ki jan doub nati Jezi a egzije Apot Pòl pou’l prezante’L tankou « Mistè Bondye a » bay kwayan Kolòs yo nan (Kolòs 2:2) lè’l te fin ekspoze otorite’L nan (Kolòs 1:15-19). Se te menm bagay la pou divinite Jezi ; dèske li pa't vle pou kwayan Filip yo ta kesyone’l sou sa, li pran san’l pou’l te ekri Filip 2:5-11. « Se pou nou yonn gen pou lòt menm santiman ki te nan Jezi, Kris la.Sa Bondye ye a, se sa’L te toujou ye. Men, li pa’t janm konsidere sa tankou yon avantaj pou’L te egal ak Papa a. Okontrè, se li menm pou tèt pa’l ki chwazi mete sa sou kote. Li te pito tounen yon domestik. Li pran fòm yon moun, Li vin tankou tout moun. Li rabese tèt li. Tankou yon moun, Li soumèt devan Bondye. Li obeyi Bondye jouk Li rive aksepte mouri, wi jouk Li aksepte mouri sou kwa a. Se poutèt sa, Bondye leve’L mete chita kote ki pi wo a. Li ba’L yon non ki pi gran pase tout lòt non. Konsa, tou sa ki nan syèl la, tou sa ki sou tè a ak anba tè a, yo tout va mete jenou yo atè devan Jezi pa respè pou non Bondye te ba Li a. Tout moun va rekonèt Jezikri se Seyè a. Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a ».

« Mwen menm ak Papa’m, nou fè yon sèl. Jwif yo ranmase wòch pou kalonnen Li. Lè sa a, Jezi di yo: Avèk pouvwa Papa a Mwen fè anpil bon bagay nan mitan nou. Manyè di’m pou kilès ladan yo nou vle touye’m ak kout wòch la? Jwif yo reponn Li: Se pa pou okenn bon bagay nou vle touye’w ak kout wòch. Men, se paske w'ap pale mal sou Bondye. Se moun ou ye, epi w'ap chache pase pou Bondye. Jezi reponn yo: Dapre sa ki ekri nan lalwa nou an, Bondye te di: Se bondye nou ye. Nou konnen sa Liv la di, li di’l nèt. Tout moun ki resevwa pawòl Bondye, se bondye yo ye. Mwen menm menm, se Bondye ki te mete’m apa pou Li, se li ki voye’m sou latè. Ki jan nou ka di m'ap pale Bondye mal lè’m di se pitit Bondye mwen ye? » (Jan 10:30-36).

Lè nou fè yon ti analiz sou premye vèsè a, nou jwen yon verite ladann ki tèlman simp se sèl logèy ki ka fè yon moun pa dakò ou pa vle aksepte limyè sa ke la bib ban nou. Nan langaj lemond, ‘fè yon sèl’ vle di se yon grin bagay ki la. Nan matematik, lè ‘youn’ ajoute sou yon lòt ‘youn’ nou vin gen ‘de’. Sa ta vle di ke valè a chanje depi yon bagay gen yon lòt bagay ki vin mete sou li. Men, lè nap pale bagay espirityèl, ki depase konesans la syans tankou matematik, se sèl la fwa mete ansanm ak le Sentespri ki ka fè nou kwè ak konprann. Pa gen pi gwo pawòl ki ka fè nou konprann egalite ki ekziste ant Pitit la ak Papa a. « Mwen menm ak Papa’m, nou fè yon sèl ». Pawòl sa, ki kraze tout lòt fo doktrin yo ki pa dakò ke Jezi se Bondye, pa vle di lòt bagay ‘Pa gen onkenn diferans ant Jezi ak Papa a’. Ge yon sèl kle ki ka deklete pòt ki mennen dezakò nan koze divinite Jezi a—Se swa yo kreye Jezi ou byen se Li ki kreye.

« Antan farizyen yo te sanble, Jezi poze yo keksyon sa a: Dapre nou, kisa Kris la ye? Pitit kiyès Li ye? Yo reponn Li: Li se pitit pitit David! Jezi di yo: Bon, kouman David fè rele’L Seyè? Paske se Lespri Bondye a menm ki te fè’L di: Bondye te di Bondye’m nan: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen mete lènmi’w yo anba pye’w. Si David rele Kris la Bondye, ki jan pou Kris la ka pitit pitit David? Okenn moun pa’t kapab reponn Li yon mo. Depi jou sa a pèsonn pa’t gen odas poze’L keksyon ankò » (Matye 22:41-46).

Jezi te Bondye, Jezi se Bondye, e Jezi ap toujou rete Bondye pout tout tan ki gen tan !

Sòm 24

« Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemond antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan’l. Li mete fondasyon tè a nan fon lanmè, li fè’l chita sou gwo larivyè yo. Ki moun ki gen dwa moute sou mòn ki pou Seyè a? Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a? Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun. Seyè a va beni moun konsa. Bondye k'ap delivre’l la va fè’l gras. Se moun konsa ki pou chache Seyè a, ki pou chache parèt devan Bondye Jakòb la. Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou Wa ki gen pouvwa a ka antre! Kilès ki Wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki gen fòs ak kouraj la, li vanyan nan batay. Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou Wa ki gen pouvwa a ka antre! Kilès ki Wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki chèf lame zanj yo, se li menm ki Wa ki gen pouvwa a. »

"Kite peche, paske wayòm Bondye a tou pre" Matye 4:17