Konfidansyalite

Regleman konfidansyalite sa ap eksplike ki jan RM Ministries ni itilize ni pwoteje tout enfòmasyon ke’l resevwa lè’w itilize sit li a. RM Ministries ap asire’l ke vi prive’w pwoteje. Si’n ta mande’w pou yon seri enfòmasyon ki pouta idantifye’w pandan w'ap sèvi ak sitwèb sa, kè’w te mèt poze paske nap jere’l selon sa tout lwa ak prensip ki etabli nan regleman konfidansyalite sa. RM Ministries ka chanje regleman sa yo detan zantan. Pou tèt sa, ou ta dwe cheke paj sa chak mwa pou’w ka verifye si pa gen chanjman ki fèt sou jan nap regle enfòmasyon pèsonèl ou yo. Regleman sa ke w'ap li a te kanpe sou pye depi Premye Me 2013.

Ki Sa Nou Konsève
Nou ka konsève enfòmasyon tankou :
• Non’w ak okipasyon’w.
• Enfòmasyon pou kontakte’w tankou i-mèl ou.
• Kòd postal, preferans, ak enterè’w.
• Lòt kalite enfòmasyon pou statistik pa nou.

Ki sa nou fè ak enfòmasyon sa yo
Nou bezwen enfòmasyon sa yo pou’n ka pi byen konprann bezwen’w yo e pi tou pou'n ka ba’w pi bon sèvis, sitou pou rezon ou pra’l li yo :
• Achiv andan sitwèb la.
• Nou ka sèvi ak enfòmasyon yo pou’n ka amelyore sèvis nou yo.
• Detan zantan, nou ka sèvi ak enfòmasyon yo pou’n ka reponn ak tout nesesite spirityèl ou yo; sitou si’w ta bezwen yon bourad ak lapryè menm si se ta chak jou.
• Nou ka sèvi ak enfòmasyon yo pou’n ka fè aranjman nan sit la selon sa ki ka enterese’w.
• Nou pap janm lage enfòmasyon yo nan men konpayi twazyèm pati pou maketin oswa pwomosyon.
• Nou pap janm vann enfòmasyon’w yo.

Sekirite

Nou pran tout detèminsayon pou’n asire ke enfòmasyon’w yo byen sekirize. Pou’n ka bloke tout aksè ki pa otorize nou mete anplas tout mwayen fizik ak elektwonik pou’n ka sofgade ak prezève enfòmasyon nou rekeyi sou sit la.

Ki jan nou jere ‘cookies’

Yon ‘cookies’ se yon ti dosye ki mande pèmisyon pou’l ka antre andan konmpitè’w la. Depi’w dakò, dosye a ansanm ak ‘cookies’ la kontribye nan analyz trafik sitwèb la oswa li fè’w konnen lè’w fè yon ti kout pye nan yon sitwèb patikilye. Se ‘cookies’ yo ki pèmèt aplikasyon ki sou wèb yo reponn ou antan ke endividi. Aplikasyon wèb sa yo kapab ajiste tèt yo nòmalman selon sa’w gen bezwen chak fwa yo ransable enfòmasyon selon enterè pèsonèl ou.

Nou sèvi ak ‘cookies’ yo pou’n ka konnen ki paj ke vizitè yo ap ouvè fèmen. Wòl envèstigasyon sa yo se pou analize paj trafik wèb yo e pi anmenm tan pote yon amelyorasyon sou sitwèb nou an pou’n sèvi vizitè nou yo kòm sa dwa. Yon ‘cookies’ paka bannou aksè a konmpitè’w la ni okenn enfòmasyon sou ou eksepte sa ke’w chwazi bannou yo.

Ou gen tout dwa pou’w dakò ou pa dakò aksepte ‘cookies’ yo. Majorite navigasyon entènèt yo aksetpe ‘cookies’ yo otomatikman, men an menm tan ou ka fè platfòm navigasyon an refize ‘cookies’ yo. Malerezman sa ka lakòz gen de kote ou pap ka antre nan sitwèb RM Ministries an. Mèsi pou bon konprann ou!

Lyen Pou Lòt Sit

Sitwèb nou an ka gen lyen ladann k’ap pèmèt ou vizite lòt sitwèb. Sepandan, menm kote ou kite sitwèb pa nou an, nou pèdi tout kontwòl sou lòt sit w’al ladann nan. Se poutèt sa, nou pa ka responsab pwoteksyon ni sekirite okenn enfòmasyon ke’w ta bay pandan w’ap vizite sit sa yo, paske sit sa yo pa sou jirisdiksyon regleman konfidansyalite sa. Ou ta dwe pran anpil prekosyon pou’w ta li regleman konfidansyalite k’ap gouvène sit kote w’ale a.

Kontwole Enfòmasyon Pèsonèl
Ou gen tout dwa pou’w enpoze nou ni jwen enfòmasyon’w ni sèvi ak enfòmasyon’w:
• Nenpòt lè yo mande’w ranpli yon fòm sou sit entènèt la, chache bwat ke’w ka klike sou li a ki make : « mwen pa vle okenn moun sèvi ak enfòmasyon ke m’ap bay la »
• Si’w te deja bannou pèmisyon pou’n teka sèvi ak enfòmasyon pèsonèl ou pou rezon pratik, ou ka chanje lide’w nenpòt ki lè. Sèl sa ou ta gen pou’w fè se kontakte nou pou’w fè nou konn sa.

Nou pap jan’m vann, distribye, oswa lwe enfòmasyon pèsonèl ou bay konpayi twazyèm pati san nou pa jwenn otorizasyon nan men’w jan lalwa mande’l.

Ou gen tout dwa pou’w mande nou tout detay sou enfòmasyon pèsonèl ou ke nou anrejistre selon ‘Ak Pwoteksyon Enfòmasyon 1998’ la. Wa va gen pou’w peye yon ti tarif pou tranzaksyon sa. Kontakte nou nempòt kilè ou ta renmen fè sa. Si’w santi ke gen erè nan nenpòt enfòmasyon ou ta bannou, kontakte nou menm kote a e n’ap asire’w ke n’ap fè koreksyon an san pèdi tan.
"Kite peche, paske wayòm Bondye a tou pre" Matye 4:17