Renmen   Tankou

JESUS

Viv   Pou

JESUS

Pale   De

JESUS

La Vi  Gaspiye   San

JESUS

YON FIM SOU GRAN EKRAN

Pandan lemond temwen dewoulman dènye pwofesi yo anvan Dezyèm Vini Kris la, Bondye pase nou lòd pou nou avèti tout abitan latè, atravè ekran sinema, tout evènman pwofetik sa yo ki gen pou akonpli talè konsa. Fim nan deja fin ekri e kounye a se mete an pwodiksyon ki rete. Pou tèt sa, nou depann non sèlman de sipò finansye ou, men an menm tan, nou ta swete resevwa ekipman ki ap pèmèt fim sa, ke Bondye Tou-Pisan an te enspire e komisyone nou an, vin yon reyalite.

Klike Pou'w Bay Kotizasyon'w

Jezi-Kris:
Pawòl Vivan An

“ Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou. Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman. Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tout sa ki te fèt, pa't gen anyen ki te fèt san Pawòl la. Lavi, se nan li sa te ye. Se lavi sa a ki te bay tout moun limyè...” Li pi plis »

Jezi-Kris:
Zanj Letènèl La

Gen anpil kwayan ki jouk kounye a gen yon defi yo paka leve. Ki sa defi sa ye ? Jwenn aksyon ak prezans Jezi nan liv Ansyen Testaman an. Gen kèk ki rale loup yo pou yo ka jwen kote pye Jezi te pile depi Jenèz pou rive nan Malachi. Si tout Bib la pwente dwèt sou Jezi, èske se nan Nouvo Testaman an sèlman... Li pi plis »

Jezi-Kris:
Pen Lavi A

Sifizans Jezi-Kris pou lavi nou fòse nou wè bay Jezi-Kris do tankou se pwòp tèt nou nou kondane. Zak sa te komèt depi nan Jaden Edenn nan pase sou Inondasyon an pase nan Tou Babèl la pase nan destriksyon lavil Sodòm ak Gomò a pase nan rebelyon pèp Izrayèl la rive nan rezistans rès pèp Izrayèl la. Malgre tout zak ... Li pi plis »

Jezi-Kris:
Wa tout wa

Yon wa se yon moun ki kòmande yon nasyon, yon peyi, yon anpi, yon wayòm kote tout lwa yo ke'l sevi pou'l gouvène soti anba otorite’l. Tout wa kap gouvène sou tè a se Jezi-Kris, Wa tou pisan an, ki mete yo chita sou twòn yo. Pa gen okenn chèf kap gouvènen ki ka bay tèt li otorite ; otorite’l toujou sot nan syèl. ... Li pi plis »

Jezi-Kris:
Dye Tou-Pisan

Anvi padone anvayi lespri yon Kretyen lè’l ta tande yon pechè ka’p dechaje pawòl ki plen rayisman sou do Mesi ki ba’l la vi a, ki kenbe la vi’l, e ki ofri’l la vi etènèl. Kalite kout kòlè sa yo konn rive pi wo lè, san avètisman, yon misyonè ta frape pòt kay moun sa a ki gen san rayisman pou’l ta di’l : ‘Jezi se Dye Tou Pisan’. ... Li pi plis »

Jezi-Kris:
Bon Gadò A

“ Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki pa pase nan pòt la pou antre nan pak mouton an, men ki eskalade lantouraj la pou antre nan pak la yon lòt kote, moun sa a se yon vòlè, yon piyajè. Men, moun ki pase nan pòt la, se gadò mouton yo li ye. Moun k'ap veye pòt la louvri'l pou li. Tout mouton yo rekonèt vwa'l. ...” Li pi plis »

“Kite peche, paske wayom Bondye tou pre” Matye 4:17