Jezi-Kris: Pawòl Vivan An

« Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou. Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman. Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tout sa ki te fèt, pa't gen anyen ki te fèt san Pawòl la. Lavi, se nan li sa te ye. Se lavi sa a ki te bay tout moun limyè. Limyè a klere nan fènwa a. Men, fènwa a pa't resevwa Li... Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a» (Jan 1:1-5, 14).

‘Pawòl’ se yon mo ke yon pakèt moun souzestime. Li gen kapasite pou’l detwi, geri, fè prediksyon, divize, ini, vide lanmou. Byen ke yo itilize anpil ‘mo’ nan yon pakèt kalite literati, lè yo byen ranje nan yon pawòl yo ka fè lespri yon moun ale kote li patka janm imajine. Mo ki ekri pa janm pèdi memwa yo ; yo repete yon istwa egzakteman jan’l te pase. Menm jan ak mizik—yon lot mo ki aji nan lespri moun—pawòl ka fè lèzòm gen kè kontan, la pèrèz, fache, tris, eksitasyon, lahèn, konpasyon etc. Pa gen moun ki ka chape anba pouvwa ki genyen nan pawòl, ke’l te soti nan bouch yon jenn moun oswa yon granmoun; ke’l te ekri ak plim yon istoryen oswa yon filozòf. Menm bèbè gen fason pou yo resevwa, pou yo di sak nan kè yo, e pi tou pou yo konprann tout kalite pawòl ak langaj lèzòm te envante espesyalman pou moun ki bèbè. Sepandan, 'pawòl ke nou pral pale de Li a chaje la vi andan’l; Li se yon Pawòl ak souf, yon Pawòl ki mache, yon Pawòl ki konn renmen tout bon, yon Pawòl ki fou pou moun, yon Pawòl chaje ak konpasyon ki eksplike ki moun Li ye, ki sa Li ye, yon Pawòl ki devwale Lwa gouvènman pa’L la, e pi tou Li pale sa yo di’L di:

« Moun ki renmen’m, se li menm ki va fè tout sa’m di’l fè. Papa’m va renmen’l tou. Papa’m va vin jwenn li ansanm avè’m, n'a viv nan li. Moun ki pa renmen’m, li p'ap fè tout sa’m di’l fè. Tou sa nou tande map di a, se pa nan mwen yo soti, men se nan Papa’m ki voye’m nan yo sòti » (Jan 14:23-24).

'Pawòl Vivan An' fè nou konprann ke gen yon rankont ki fèt kote 'moun' ak 'Bondye' vin fè yon sèl. Vivan se kò Jezi-Kris e Pawòl la se Pawòl Bondye a kap la pou tout tan. Jezi-Kris te vini kòm Bondye nan kò lòm pou’L te ka viv tout sa’L te inspire ekriven la Bib yo. « Li pral fè yon pitit gason. Wa rele’l Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche’l yo. Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa’l te di: Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. Y'a rele’l Emanyèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou) » (Matye 1:21-23).

Anvan'L te pran fòm lòm, Li te bay limanite tout Pawòl Li yo (Jan 14:21) e lè li yo te vin rele'L ‘Pitit Lèzòm’ Li te preche Lwa pa’l la (Matye 7:26) sou tèt mòn yo lè fini Li ta'l viv menm Lwa sa nan vale yo, ti bouk yo, ak nan gwo vilaj yo. Lè'l t'ap preche Levanjil la, Pawòl Vivan An, ki te san peche, te yon predikatè ki te preche Levanjil la mo pou mo san Li pa't janm ni bege ni blye yon pawòl. Olye pou’L ta’L sou entènèt pou’L te fè rechèch pou mesaj Li yo, Li te ouvè maniskrip kè’L pou’L te ka antre nan kè lèzòm. Olye pou’L te mache ak yon ‘laptop’ ki te gen yon pwogram ki rele 'λογος' andann, se de pwop tèt Li te pale paske se Li ki ‘λογος’ (Pawòl) etènel la. Olye pou’L te fè diskisyon sou la Bib, li te fèmen bouch tout moun ki te sòti pou pran’L nan pyèj avèk tout verite ki te sòti nan bouch Li ; e pi tou se Li ki mèt Pawòl ki nan Bib la.

Pouvwa ak otorite ke Kris genyen yo te fè enpe moun fache e’l te fè enpe lòt fè sezisman:

1. « Men, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki pa fè sa mwen mande'l fè a, l’ap tankou yon moun fou ki bati kay li sou sab. Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs: kay la tonbe, li fini nèt ale. Lè Jezi fin di pawòl sa yo, foul moun yo te sezi tande sa’l t'ap moutre yo. Se pa’t menm jan ak dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize » (Matye 7:26 - 29).

2. « Kisa ki pi fasil pou’m di: Peche’w yo padonnen, osinon: Leve mache? Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou’m padonnen peche. Li vire, li di nonm paralize a: Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou. Nonm nan leve kanpe vre, li ale lakay li. Lè moun yo wè sa, yo tout te pè, yo fè lwanj Bondye dapre li te bay lèzòm kalite pouvwa sa a » (Matye 9:5-8).

3. Lè Seyè a «... antre nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo avèk chèf fanmi ki t'ap dirije pèp jwif la vin di li: Ki dwa’w genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba'w otorite sa? Jezi reponn yo: M'ap poze nou yon keksyon mwen menm tou. Si nou reponn mwen, m'a di nou ki dwa mwen genyen pou’m fè bagay sa yo. Ki moun ki te voye Jan batize moun? Bondye osinon moun? Men, yonn t'ap di lòt konsa: Si nou reponn: Se Bondye ki te voye’l, la mande nou poukisa nou pa’t kwè’l. Si nou reponn: Se moun ki te voye’l, afè nou p'ap bon ak foul moun yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon bon pwofèt. Apre sa, yo reponn Jezi: Nou pa konnen. Jezi di yo: Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou ki dwa mwen genyen pou’m fè bagay sa yo » (Matye 21:23-27).

Menm si Pyè potko ka wè otorite ki te nan vwa Mèt li a tout lòt moman yo, li patka pa rekonèt li lè nas pou’l peche pwason an te ret vid pandan tout nannwit lan: « Lè li fin pale, li di Simon konsa: ' Vanse kannòt la plis nan fon; jete senn ou pou peche '. Simon reponn li: ' Mèt, nou pase tout nwit lan ap travay san nou pa pran anyen. Men, paske se Ou menm ki di nou fè sa, nou pral lage senn lan. Yo lage senn lan; yo pran yon kantite pwason. Tèlman pwason yo te anpil, senn lan t'ap chire ' » (Lik 5:4-6).

Avèk Pawòl Li Seyè a te geri moun malad yo:

1. « Se konsa, yo pote ba li yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Jezi wè jan moun yo te gen konfyans nan Li, Li di nonm paralize a: Pran kouraj, pitit mwen, peche ou yo padonnen. Lè sa a, kèk dirèktè lalwa di nan kè yo: Nonm sa a ap pale mal sou Bondye. Men, Jezi te gen tan konnen sa ki t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: Poukisa n'ap fè move lide konsa nan tèt nou? Kisa ki pi fasil pou’m di: Peche’w yo padonnen, osinon: Leve mache? Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou’m padonnen peche. Li vire, li di nonm paralize a: Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou. Nonm lan leve kanpe vre, li al lakay li » (Matye 9:2-7).
2. « Lè sa a, yon nonm ki te gen lalèp pwoche bò kote’l, li tonbe ajenou devan Jezi, li di’l konsa: Mèt, si ou vle, ou kapab geri’m. Jezi lonje men’l, li manyen nonm lan, li di’l: Wi, mwen vle. Se pou'w geri. Menm lè a, lalèp la kite’l » (Matye 8:2-3).
3. « Jezi kite kote’l te ye a. Antan li t'ap pase yon kote, de avèg pran mache dèyè’l. Yo t'ap rele: Pitit David, gen pitye pou nou! Lè Jezi rive nan kay la, avèg yo pwoche bò kote’l. Jezi di yo: Eske nou kwè mwen ka fè sa pou nou? Yo reponn li: Wi, Mèt. Lè sa a, li manyen je yo, li di: Se pou sa fèt pou nou jan nou kwè’l la. Je yo louvri. Jezi pale byen sevè ak yo, li di yo: Tande byen, piga pèsonn konn sa » (Matye 9:27-30).
4. « Jezi kite kote’l te ye a, li antre nan yonn nan sinagòg yo. Te gen yon nonm ki te gen yon men pòk nan asanble a. Moun ki te la yo t'ap chache okazyon pou yo te ka di Jezi fè bagay ki mal. Se konsa yo mande’l: Eske lalwa nou an pèmèt yo geri moun jou Sabba? Jezi reponn yo: Si yonn nan nou gen yon sèl mouton, si mouton sa a tonbe nan yon twou byen fon yon jou Sabba, èske li p'ap rale’l mete deyò? Bon. Eske yon moun pa vo pi plis pase yon mouton? Konsa nou wè, lalwa nou an pèmèt nou fè byen pou yon moun jou Sabba. Lè sa a, li di nonm lan: Lonje men'w. Nonm lan lonje men’l. Latou, men an pa't pòk ankò. Farizyen yo soti nan sinagòg la, y’al mete tèt yo ansanm pou wè ki jan pou yo fè touye Jezi » (Matye 12:9-14).

Etan Pawòl Viva An Li te kalme tanpèt yo:

« Jezi moute nan kannòt la, disip li yo pati avè’L. Antan yo sou lanmè a, yo rete konsa yon gwo van vin leve. Vag lanmè a t'ap kouvri kannòt la. Jezi menm t'ap dòmi lè sa a. Disip yo pwoche bò kote’L. Yo souke’L, yo fè’L leve. Yo di’L konsa: Mèt, sove nou non. Se mouri n'ap mouri wi. Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? Ala bann moun san la fwa! Apre sa, Jezi leve kanpe, li pale byen fò ak van an ansanm ak dlo a. Lamenm tout bagay kalme. Mesye yo te sezi anpil. Yo di konsa: Ki kalite moun sa a menm, pou jouk van ak dlo lanmè obeyi’L? » (Matye 8:23-27).

Li te padonnen moun ki pa't gen la vi dwat: « Mèt, yo kenbe fanm sa a nan men ap fè adiltè. Jezi ... di yo: Se pou moun ki konnen li pa janm peche a ba'l premye kout wòch la. Apre sa, li bese atè a yon dezyèm fwa, li pran ekri ankò. Lè yo tande pawòl sa yo, yonn apre lòt y'al fè wout yo. Premye moun ki te mete deyò se te sak te pi granmoun yo. Jezi rete pou kont li ak fanm nan ki te kanpe devan'l. Lè sa, li leve, li di fanm lan: Madanm, kote moun yo? Pèsonn pa kondannen'w? Li reponn: Pèsonn non, Mèt. Jezi di'l: Mwen menm tou, mwen pa kondannen'w. Ou mèt ale. Men, pa janm fè peche ankò » (Jan 8:4,7-11). Li adousi kè moun sosyete ya t'ap talonnen, e ak Pawòl La Li pa't fè okenn efò pou’L te chase demon:

«Lè sa a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li vin antre nan sinagòg la, li pran rele: ey Jezi, moun Nazarèt, kisa nou gen avè ou? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen pwòp ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a. Jezi pale byen fò ak move lespri ki te sou nonm lan, li di li: Pe la! Soti sou nonm sa a. Move lespri a souke nonm lan byen souke, li bay yon gwo rèl, epi li soti, l’ale. Tout moun yo te sitèlman sezi, yonn t'ap mande lòt: Sa sa ye la menm ? Sa se yon lòt bagay l'ap moutre nou la a. Menm move lespri yo, li pase yo lòd ak otorite, yo obeyi’L » (Mak 1:23-27).

Avèk Pawòl Bib la Jezi te demanti tradisyon sakrifikatè yo, pwofesè yo, Skrib yo, Sadiseyen yo, ak Farizyen yo:

1. « Yon jou Sabba, Jezi t'ap pase nan yon jaden ble. Antan disip li yo t'ap mache konsa avè’L, yo pran keyi kèk grap ble. Farizyen yo di’L konsa: Gade non! Poukisa disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou Sabba a? Jezi reponn yo: Eske nou pa janm li sa David te fè yon lè li te bezwen manje pou li menm ak pou moun pa’l yo ki te grangou? Sa te pase sou tan Abyata te granprèt. Nou chonje? Li antre nan kay Bondye a, li manje nan pen yo te ofri bay Bondye a. Dapre lalwa nou an, se prèt yo sèlman ki gen dwa manje pen sa yo. Malgre sa, David te pran ladan yo, li te bay moun pa’l yo manje tou. Jezi di yo ankò: Sabba a te fèt pou moun; se pa moun ki te fèt pou Sabba a. Konsa tou, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen se mèt Sabba a » (Mak 2:23-28).
2. « Jezi antre nan tanp Bondye a, Li chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Apre sa, Li di yo; Men sa ki ekri: y'a rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye’m. Men nou menm, nou fè’l tounen yon kachèt pou vòlè. Kèk avèg ak kèk enfim nan pye pwoche bò kote Jezi nan tanp lan. Li geri yo. Men, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te fache anpil lè yo wè bèl bagay Li t'ap fè, lè yo tande timoun yo ki t'ap rele nan tanp lan: Lwanj pou Pitit David la! Yo di Jezi konsa: Eske ou pa tande sa y'ap di? Jezi reponn yo: M'tande wi. Eske nou pa janm li pawòl sa a nan Liv la: Ou fè timoun ak tibebe nan tete fè lwanj pou ou? » (Matye 21:12-16).
3. « Poukisa disip ou yo pa swiv koutim granmoun lontan yo? Gade. Yo pa lave men yo anvan yo manje. Li reponn yo: Nou menm k'ap pale a, poukisa n'ap plede dezobeyi kòmandman Bondye yo pou nou swiv koutim pa nou yo? Tande byen. Bondye di nou konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa’l osinon manman’l mal, se pou yo touye’l. Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa’l osinon manman’l: Sa m' ta gen pou’m ba ou a, mwen ofri’l bay Bondye, moun sa a pa bezwen fè anyen pou papa’l osinon pou manman’l. Se konsa, avèk koutim nou yo, nou fè pawòl Bondye a pase pou anyen menm. Bann ipokrit!Ezayi te gen rezon lè’l t'ap pale sou nou, jan sa ekri a: Se ak bouch yo pèp sa a respekte'm. Men, kè yo byen lwen mwen. Se tan yo y'ap pèdi, lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske, nan sa y'ap di, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun » (Matye 15:2 - 9).

Jezi te sèvi ak Pawòl Ekri a pou’L te kraze an ba pye’L tout tantasyon dyab la: « Jezi tounen soti bò larivyè Jouden an; li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri Bondye a mennen’L nan dezè a. Se la Satan vin tante’L pandan karant jou. Tout jou sa yo li pa’t manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou. Satan di’L konsa: Si'w se Pitit Bondye, bay wòch sa a lòd pou’l tounen pen. Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa ka viv ak pen sèlman. Satan mennen’L yon kote ki wo. Yon sèl kou, li moutre’L tout peyi ki sou latè. Li di Jezi konsa: M'ap ba'w tout pouvwa ak tout richès peyi sa yo. Yo remèt tout bagay sa yo nan men'm, mwen ka bay moun mwen vle yo. Si'w mete ajenou devan’m, tout bagay sa yo va pou ou. Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye'w, pou'w adore sèlman. Se li menm sèl pou ou sèvi. Apre sa, Satan mennen’L lavil Jerizalèm, li mete’L kanpe sou pwent fetay tanp lan; li di Jezi konsa: Si'w se Pitit Bondye, rete isit la lage kò’w anba. Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. Y'a pote ou nan men yo pou’w pa kase pye’w sou okenn wòch. Jezi reponn li: Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe sonde Bondye’w » (Lik 4:1-12).

Pawòl Vivan an gen yon pouvwa ke menm distans paka afebli ni limite: « Antan Jezi t'ap antre lavil Kapènawòm, yon kaptenn nan lame women an vin bò kote’L. Li mande’L yon sèvis. Li di’L konsa: Mèt, domestik mwen an kouche lakay, li paralize nèt, l'ap soufri anpil. Jezi di’l konsa: Mwen pral geri’l pou ou. Men kaptenn nan reponn li: Mèt, mwen pa merite pou’w antre lakay mwen. Men, annik bay yon lòd sèlamn, domestik mwen an va geri. Mwen menm k'ap pale avè’w la, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè’m di yonn ale, l’ale. Lè’m di yon lòt vini, li vini. Lè’m di domestik mwen an fè sa, li fè’l. Lè Jezi tande pawòl sa yo, li sezi. Li di moun ki t'ap mache dèyè’l yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mwen poko janm jwenn yon moun nan pèp Izrayèl la ki gen konfyans nan Bondye tankou nonm sa a... Apre sa, Jezi di kaptenn nan: Al lakay ou. Tout bagay ap pase pou ou jan'w kwèl la. Menm lè a, domestik la te geri » (Matye 8:5-10, 13).

Se Kris ki te kreye tout bagay ki egziste avèk pawòl ki soti nan bouch Li: « Se Li ki te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se Li ki kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se Kris la ki te kreye yo tout, epi se pou Li Li te kreye yo. Jezi te la anvan tout bagay. Se nan Li yo tout jwenn plas yo » (Kolòs 1:16-17). « Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm pral tande vwa li, yo pral leve soti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo » (Jan 5:28-29).

Jezi gen yon fason Li te konn pale ki te mete’L apa pami ni pwofesè Lalwa yo ni pwofèt yo. Se kalite langaj sa ki te menote lespri tout moun ki t'ap koute sa’L te konn anseye ak preche yo menm moun ki te gen kè di yo. Anpil nan yo pa't ka konpran anpil nan istwa Li t'ap rakonte ak lang sa. Nan tout moun ki pale ak ekri nan Bib la, se sèl Jezi ki te ka eksplike Levanjil la avèk parabòl pou’L te ka ilistre, anseye, konvenk, korije, ak rale zòrèy inkredil yo. Pandan ministè Jezi a, Li te pase tout tan’L ap pale ni ak moun ni sou moun. Gen de lè pawòl Li yo te fasil pou konpran (Li te pale kare), men gen lòt lè, se ak parabòl li te pale. Parabòl sa yo te fè tout moun wè ke Jezi-Kris pa't yon nonm simp: (Matye 13: 3-52; 21:28 - 22:14; 25:1-46, Lik 15:1-32; 16:1-31; 18:1-14).

Se jisteman apre premye parabòl ke Jezi te di nan Levanjil Mak la (4:3-9) ke disip li yo ak lòt moun ki te la t'ap poze’L kesyon sou siyifikasyon parabòl yo. Repons Li te bay la te vire lòlòj yo: « Nou menm, nou resevwa sekrè Peyi kote Bondye Wa a; men moun ki deyò yo, yo tande tout bagay pa parabòl. Konsa, Yo mèt gade byen gade, men yo p'ap wè. Yo mèt tande byen tande, men yo p'ap konprann, pou yo pa tounen vin jwenn Bondye, pou Bondye padonnen peche yo» (Mak 4:11-12). « Se avèk anpil parabòl konsa li t'ap ba yo mesaj Li a. Li te fè’l yon jan pou yo tout te ka konprann Li. Li pa’t louvri bouch Li pou’L pa’t rakonte yo yon parabòl. Men, lè’L te pou kont Li avèk disip Li yo, Li te esplike yo tout bagay» (Mak 4:33-34).

Pandan Jezi t'ap ranpli misyon’n sou la tè Li te resevwa anpil menas ak anpil move non. Yo te rele’L yon magrouyè (Matye 27: 63), yon mantò (Matye 26:65), yon nonm ki gen yon diab sou Li (Jan 7:20; Lik 7:33), yon gran manjè yon tafyatè (Matye 11:19) ak yon pakèt lòt non. Menm lè Li te jwen tout kalite non sa yo sa pa't kanpe’L nan wout pou’L te ka kontinye pale ak detèminsayon, pisans, konviksyon, ak la verite. Letènèl te sèvi ak kalite mo sa yo pou’L te ka pike kè di moun inkredil yo, soulaje doulè, efase dezagreman, bay lespwa ki pap jan’m pase, apeze lapenn, vaksine ak lanmou, korije fo levanjil, chavire tout tradisyon ki te gen nan tanp ansyen yo, prèt sakrifikatè yo, Skrib yo ansanm ak Farizyen yo. Pi wo pase tout sa, chak mo ki te soti nan bouch Pawòl Vivan An te sòti ak yon fòs revolisyonè.

Kris pa't sèlman pale Levanjil delivrans la. Li te pwofite konfime ke pawòl sa yo te ekri nan Bib la e se kon sa anpil va kwè ke sa ki ekri nan Bib la se verite:
1. « Zansèt nou yo te manje laman nan dezè a, jan sa ekri nan Liv la: Li ba yo pen ki soti nan syèl la pou yo manje » (Jan 6: 31).
2. « Eske nou pa li sa ki ekri nan Liv la? Nan konmansman, lè Bondye t'ap fè moun, li te fè yo gason ak fi» (Matye 19:4).
3. « Pou keksyon mò yo k'ap leve vivan ankò, èske nou pa li sa Bondye te di nou: Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb? Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan » (Matye 22: 31-32).
4. « Eske nou pa li pawòl ki ekri a? Mwen sèten nou li'l deja: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la » (Mak 12: 10).
5. « Se sa ki ekri nan liv pwofèt yo: Bondye menm ap moutre yo tout bagay. Tout moun ki koute Papa a, ki asepte tou sa’L moutre yo, y'ap vin jwenn mwen » (Jan 6:45).
6. « Jezi te jwenn yon ti bourik. Li moute chita sou li, jan sa te ekri nan Liv la: Nou pa bezwen pè, nou menm ki nan lavil Siyon an. Gade, men Wa nou an ap vini: Li moute yon ti bourik » (Jan 12: 14-15).

Pawòl Vivan An te di Jan tout sa pou’l te ekri nan liv Revelasyon an kote nou jwenn yon lòt dimansyon nan vwa Sovè a. Yon dimansyon ke nou pa jwen lòt kote. Vwa Jezi tèlman sekwe zorèy Jan, li te oblije sèvi ak yon mo ke yo pa abitye itilize pou eksplike lè gen bri kap fèt. Lè gen bri kap fèt se ak mo « koute » ou beyen « tande » yo abitye sèvi, men nan ka sa, Jan sèvi ak mo « wè »: « Mwen vire pou’mki vwa ki t'ap pale avè’m nan… » (Revelasyon 1:12).

Mwen vle asire nou ke tradiksyon sa pa gen defo paske nan tèks orijinal lang grèk la se konsa li ekri. Jan kontinye pou’l dekri rès vizyon an kon sa: « Lè sa a, mwen wè sèt gwo lanp sèt branch an lò kanpe, ak nan mitan yo yon moun ki te sanble ak yon gason. Li te gen yon gwo rad sou li byen long ki te bat jouk sou pie’L, ak yon sentiwon an lò mare sou lestomak Li. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton, blan kou koton. Je’L yo menm te tankou de flanm dife. Pie’l yo te klere tankou kwiv yo poli apre yo fin chofe’l nan fòj. Lè’L pale menm, vwa’l te tankou bri gwo dlo k'ap sot tonbe nan yon falèz » (Revelasyon 1:12-15).

Anvan Pawòl Vivan An te vin nan la chè, Li te kite tras pye’L nan yon pakèt sitiyasyon ke lèzòm pap janm ka eksplike:

1. Se nan bouch Li pawòl kreasyon an te soti pou’L te ka anbeli latè ak tout sa lèzòm te bezwen (Jenèz 1: 3-31).
2. Li te pase lòd bay gwo pwason an pou’l te vale Jonas (Jonas 1:17).
3. Li te mande lanmè a pou’l fann tèt li (Egzòd 14:21-22).
4. Li te bay Adan ak Èv kapasite pou yo pale ak reponn nenpòt moun ki te pale ak yo san yo pa't aprann pale menm jan ak yon ti bebe ki fèk fèt. Se menm mistè sa ki te fèt pou yon lòt rezon lè konstriksyon Babèl la t'ap fèt.
5. Li fè bourik Balaram nan mande mèt li pou ki rezon li t'ap bat li konsa (Resansman 22: 28-30).

Pou jis kounye a nou t'ap pale sou manifestasyon Pawòl Vivan An anvan ak pandan premye fwa Li te vini sou la tè. Sepandan, gen yon kapasite ke Pawòl Vivan an genyen se sèl Li menm ki ka kalifye pou’L ni genyen’l ni eritye’l. E se lèl retounen sou tè a lèzòm va resi wè otorite sa manifeste. Nan ni Ansyen ak Nouvo Testaman an Jezi se sèl kòk chante kap fè ak defè tankou Zanj Letenel La, Emanyèl, Alfa ak Omega, Papa Etènel, Bon Bèje A, Lyon Tribi Jida A, Pitit David La. E se Li menm ki gen pou jige mechan yo ki pral boule nan dife lanfè kòm etan Jij San Pati Pri.

Koze jijman an, byen ke nou pa pral elabore sou sa nan atik sa, pap fèt nan pati pri. Pa gen lri. Pa gen lòt moun ke Pawòl Vivan An ki ka pote jistis bay limanite. Pawòl Ekri a te oblije gade lòm nan je pou’l montre’l feblès li, peche li, ak nesesite pou’l aksepte san Jezi ki te koule a pou’l ka jwen jistis Bondye a. Li gen pou’L toke kòn Li ak mechan yo jou jijman non pa paske yo dezobeyi yon Lwa ke yo pa't janm tande, men paske yo te fè tèt di e yo te rejte Lwa sa ak tout Mèt Li. Dènye serenad sa ki pral dirije pa Letènèl, pral devwale tout verite bay sila yo ki voye jete Pawòl Bib la ke Pawòl Vivan An te preche ak lanmou menm jan tout pwofèt yo te fèl.

Eske Jezi janm fè nou konnen ke pati prinsipal liv Ansyen Testaman an-(5 liv Moyiz yo)- an reyalite se de Li ke yo pale? Li te fè sa san mank! E byen se avèk menm liv Moyiz sa yo ke jijman pral fèt. «Se Papa’m ki voye’M. Men, nou pa vle resevwa’m. Men, kite yon lòt moun vin pou kont li, n'ap resevwa’l. Nou renmen resevwa lwanj yonn nan men lòt, nou pa chache lwanj ki soti nan men Bondye ki pa gen parèy la. Nan kondisyon sa, ki jan pou nou kwè? Pa mete nan tèt nou mwen pral akize nou devan Papa’m. Se Moyiz ki pral akize nou, Moyiz nou di ki tout espwa nou an. Si nou te kwè tout bon nan Moyiz, nou ta kwè nan mwen tou, paske se sou mwen Li ekri. Men, nou pa kwè nan sa’l te ekri yo. Ki jan pou’n ta fè kwè sa m'ap di nou an? » (Jan 5:43-47).

« Lè yon moun tande pawòl mwen yo, si’l pa kenbe yo, se pa mwen k'ap kondane’l. Paske, mwen vin pou delivre moun, mwen pa vin pou kondannen yo. Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa aksepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen’l lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen’l lè dènye jou a va rive » (Jan 12:47-48).

« Moun pa kapab viv ak manje ase. Men yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Bondye » (Matye 4:4). Biswit ka fè’w viv de twa jou, men Pawòl Bondye a, ki se Jezi (Pawòl Vivan An), gen la vi ki pap janm fini nan Li.

Fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou Li a!
Vwa Seyè a plane sout tout lanmè a.
Vwa Seyè a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a.
Vwa Seyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte’l!
Vwa Seyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi Liban yo.
Li fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf.
Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf.
Vwa Seyè a fè zèklè.
Vwa Seyè a fè dezè a tranble. Wi, li fè dezè Kadès la tranble.
Vwa Seyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li.
Seyè a te chita sou fotèy Li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou Wa pou tout tan.
Seyè a va bay pèp li a fòs, l'a beni yo, l'a ba yo kè poze ! (Sòm 29:1-11)

"Kite peche, paske wayòm Bondye a tou pre" Matye 4:17