Jezi-Kris : Wa tout wa

Yon wa se yon moun ki kòmande yon nasyon, yon peyi, yon anpi, yon wayòm kote tout lwa yo ke'l sevi pou'l gouvène soti anba otorite’l. Tout wa kap gouvène sou tè a se Jezi-Kris, Wa tou pisan an, ki mete yo chita sou twòn yo. Pa gen okenn chèf kap gouvènen ki ka bay tèt li otorite ; otorite’l toujou sot nan syèl. Ès ke sa pa ekri nan liv Danyèl la ke Nebikadneza te koube byen ba devan Letènèl lè’l te tande intèpretasyon dezyèm sonj li a « Nan dòmi an, antan mwen t'ap kalkile sou rèv la, mwen wè yon zanj Bondye soti nan syèl la desann. Se te yonn nan zanj gadyen yo. Li pale byen fò, li di konsa: Koupe pyebwa a met atè. Debranche’l nèt. Rache tout fèy li yo. Gaye tout donn li yo. Fè tout bèt soti anba lonbraj li. Fè tout zwezo vole kite branch li yo. Men, kite yon gwo chouk ak tout rasin li nan tè. Mare’l ak chenn fèt an fè ak kwiv. Kite’l la konsa nan mitan zèb yo. Se pou lawouze tonbe sou nonm sa a. Se pou’l manje zèb nan savann tankou bèt nan bwa. Pandan sètan, li p'ap gen lespri tankou tout moun. L'ap san konprann tankou yon bèt. Se desizyon sa a zanj gadyen yo pran. Se jijman sa a zanj Bondye yo bay. Se pou tout moun sou latè konnen Bondye ki nan syèl la gen pouvwa sou tout chèf. Li bay moun li vle pouvwa pou yo gouvènen. Li pran moun ki pi ba a, li fè’l moute! » (Danyèl 4:13-17).

Yon wayòm sou latè, ki mande yon gwo chèf sou tèt li (wa, rèn, monak ou anprè), le pli souvan vin a legzistans pou’l ka kontwole teritwa, lajan, politik ak relijyon. Sèl mannyè pou yon wayòm defini, se a travè yon ansanm lwa ki fè’n konnen si’l demokrat, kominis, o swa yon rejim diktatè. Lè yon wa pa sou pouvwa ankò sa’k ranplase’l la monte pran pouvwa kòm yon eritye ; se pa eleksyon ki mete’l la e lè’l la, li la pou lavi sòf si yo ta ba’l yon kou-deta.

Se syèl ki te konn gouvène tout latè anvan premye wayòm nan te vin etabli sou li. Lè lòm te fin kreye, li te jwen « … pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a » (Jenèz 1:26). Syèl la pa’t transfere pouvwa’l la bay lòm, men li te pataje’l ak li. Apre lòm fin chite, li te pèdi pouvwa Bondye te ba li a pou’l te gouvène bèt yo sou tout tè a ansanm ak pouvwa pou’l te renmen pwochen’l ; sa te lakòz latè te vin divize : jis la yon bò, mechan an yon lòt bò. Nou tout konnen ke se Kayen ki te premye mechan sou latè. « Lè sa a, Seyè a di Kayen. Poukisa’w move konsa? Poukisa’w mare figi’w konsa? Si sa’w te fè a te byen, ou pa ta rive nan sitiyasyon sa a. Men, paske’w fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou. L'ap tann konsa lè pou’l pran tèt ou. Men, ou menm, se pou’w kenbe tèt ak li. Yon jou, Kayen di Abèl, frè li. Ann al nan jaden. Vwala, antan yo nan jaden an, Kayen vire sou frè’l la, li touye’l » (Jenèz 4: 6-8). Olye’l te repanti li te pito « … wete kò’l devan Seyè a, l’al rete nan yon peyi yo rele Nòd, lòt bò jaden Edenn lan, sou kote solèy leve a » (Jenèz 4: 16).

Depi nan kòmansman listwa latè, lèzòm t’ap chache dominasyon total kapital tout pandan rebelyon t’ap grandi ak raj nan kè yo. Tou Babèl la, premye batiman istorik ki temwanye ke lòm te gen foli gouvènen, te konstwi sou zòd yon lidè (Jenèz 11). Nan chapit anvan an, yo fè nou konnen ke se Nimwòd ki te premye gwo tèt ki t’ap fè la pli e le bo tan sou latè. Sa bannou posibilite pou nou ka di ke se te ka li menm ki te enjenye Tou Babèl la. Se li’k te kòmande lavil « Babèl, Erèk, Akad, Kalne nan peyi Chenea. Apre sa, li kite peyi a, li ale lavil Asou. Men lavil li bati yo: Neniv, Reobòt-Ir, Kalak. Lèfini, li bati lavil Rezèm ant Neniv ak Kalak. Kalak sa a te yon gwo lavil » (Jenèz 10:10-12).

Se konsa sosyete rebelyon an te pran nesans. Yon sosyete ke Letènèl te avèti Izrayèl pou’l pa’t pwoche pre’l paske kalite lavi idolatri yo tap mennen an, te anrasinen byen fon andan kè yo. Lè lòm rejte Lalwa Kreyatè’l la li pral chache, san Bondye pa ladann, gouvène pwòp tèt li selon sa lachè di’l pou’l fè e mechanste ki nan kè yo fè pati pawòl ki di konsa: ‘koupe tèt boule kay’. Nan kòmansman ventyèm syèk la, Hitler te fè atanta pou’l te kontwole linivè an antye. Pandan w’ap li sa, yon mouvman mondyal ap gade pou’l wè si’l ta kopye sou sosyete Babilòn nan. Ès ke sa pa't anonse nan liv Revelasyon an ke anpil pouvwa tapral eseye met tèt yo ansanm pou dirije tout latè? « Apre sa, mwen wè twa move lespri ki t'ap soti yonn nan bouch dragon an, yonn nan bouch bèt la, yonn nan bouch fo pwofèt la. Yo te tankou krapo. Se te twa move lespri ki t'ap fè gwo mirak. Yo pral sanble deniè wa ki sou latè pou batay ki pral fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a » (Revelasyon 16:13-14).

Nan tan nap viv la, lèzòm layite kò yo jan yo vle avèk mo ‘wa’ a pou yo ka leve tèt yo pi wo pase sa yo paye. Genyen ki sèvi avè’l nan biznis yo ‘Burger King’ ki vle di ‘Wa anmbègè ’; gen lòt ki sèvi avè’l pou yo rele tèt yo ‘wa’ nan mizik ‘Wa Konpa’— Wa Coupe Cloue, ‘Wa Zouk’, ‘Wa Salsa’, ‘Wa Twoubadou’.

Gen moun ki ka fè diskisyon pou yo di ke chèf dyab yo sou latè pa gen okenn pouvwa ; sepandan gen de repons nou ka ba yo. Eksplikasyon Jezi te bay Farizyen yo sou pouvwa’l genyen sou demon ansanm ak pwopozisyon Satan te fè Seyè a lè’l te monte ave’L sou tèt monn nan. « M'ap ba’w tout pouvwa ak tout richès peyi sa yo. Yo renmèt tout bagay sa yo nan men’m, mwen ka bay moun mwen vle yo. Si’w mete ajenou devan’m, tout bagay sa yo pou ou » (Lik 4:6-7). « Yon peyi ki gen divizyon ladan’l, pou moun yo ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a la pou’l disparèt. Si gen divizyon nan yon lavil osinon nan yon fanmi, pou moun yo ap fè lagè yonn ak lòt, ni lavil sa a, ni fanmi sa a pa la pou lontan. Si Satan ap chase moun ki pou li yo, Satan ap goumen ak pwòp tèt li. Pouvwa Satan an pa la pou lontan » (Matye 12:25-26).

Se Satan ansanm ak tout parèy li yo ki te premye rejte Kris kòm Wa. Yo pa't pèdi tan pou yo te laji wayòm yo a. Ki jan yo te fè sa ? Yo te bay lòm opòtinite pou yo te rejte Letènèl lè sèpan an te tante Ev ; depi jou sa, dyab la fè kou’l konnen pou’l soule lèzòm ak tout kalite banbòch—televizyon, kanaval, kazino, kleren, sinema, klòb pou yo danse ak yon latriye lòt bagay—pou yo ka revòlte kont Lwa Bondye a. Li menm arive bayo yon liv ki rele ‘Fè Sa’w Vle’. Tout moun ki fèt sou tè a, ke’l vle ke’l pa vle anba yon fòs envizib: swa pa Satan an, swa pa Bondye a. Gen moun ki ka di konsa : « Mwen pa jan’m pran pa ni ak yonn ni ak lòt ». Lè yon moun pa deside ki yès ki chèf li, enben san leve men se dyab la ki chèf li.

Ki sa ki te lakòz apwentman premye wa Jwif la ? Ès ke sa te vle di Izrayèl te nan rebelyon kont Bondye ? Ès ke se teritwa Satan an ki tap vin pi laj ? Ès ke wa Jwif sa te dirije selon Lwa Bondye yo? Ès ke se te plan Bondye pou lòm te dirije lòm ? Pa two lontan, apre yo te soti nan peyi Lejip, pèp Letènèl te chwazi a te pipito se wa yon sou latè ki poute gouvène’l anba menm kondisyon ak peyi kap sèvi zidòl yo. Premye wa Izrayèl la sou latè te monte twòn nan apre ke Izrayèl te rejte Papa Bondye kòm Wa’l :

« … tout chèf fanmi ki te reskonsab pèp Izrayèl la sanble, y'al jwenn Samyèl lavil Rama. Epi yo di’l: Gade! Ou fin granmoun. Pitit ou yo pa swiv egzanp ou te ba yo. Koulye a, chwazi yon wa pou gouvènen nou, jan sa fèt nan tout lòt peyi yo. Pawòl sa yo pa’t fè Samyèl plezi paske yo t'ap mande pou li ba yo yon wa pou gouvènen yo. Samyèl lapriyè Seyè a. Seyè a di Samyèl ankò: Ou mèt koute tou sa pèp la di’w. Paske se pa ou menm y'ap voye jete, se mwen menm menm y'ap voye jete. Yo pa vle’m pou Wa yo ankò » (1 Samyèl 8:4-7).
Rejè sa te gaye tankou fil peta ki pran dife nan mitan tout jenerasyon Izrayèl yo pou jouk li rive nan mitan manb legliz yo nan tan nap viv la. Etablisman gouvènman sou latè fin efase fontyè ki ta dwe divize legliz ak leta. Jouk kounye a, anpil manb legliz konprann ke yo ka fè pati ni lemond ni wayòm Bondye anmenm tan. Ann swiv pou nou wè ki ta sa labib di nou sou pouvwa potorik gason sa ki rele Jezi-Kris.

•    Wa Ewòd tap poze kèk keksyon sou Kris la, Wa ki te fèk fèt la

« Kote Wa Jwif ki fenk fèt la? Ewòd reyini tout chèf prèt yo ansanm ak direktè Lalwa yo ki t'ap dirije pèp Jwif la. Li mande yo: Ki kote Kris la gen pou’l fèt? Yo reponn li: Se lavil Betleyèm nan peyi Jide li gen pou’l fèt. Paske, men sa pwofèt la te ekri: Ou menm, Betleyèm, ki bati sou tè Jida a, pawòl sèten: se pa ou ki pi piti nan tout lavil peyi Jida yo. Paske, gen yon chèf ki gen pou soti lakay ou. Se li menm ki va kondi moun Izrayèl yo, pèp mwen an » (Matye 2:2, 4-6).

•    Apre Jezi fin monte nan syèl la, Sòm 24 ap eksplike nou ki jan yo te resevwa'l

« Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou Wa ki gen pouvwa a ka antre! Kilès ki Wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki gen fòs ak kouraj la, li vanyan nan batay. Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou Wa ki gen pouvwa a ka antre! Kilès ki Wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki chèf lame zanj yo, se li menm ki Wa ki gen pouvwa a » (Sòm 24:7-10).

•    Ti Mouton an pote la viktwa sout tout wa yo

« Se sèt wa tou yo ye. Senk ladan yo gen tan tonbe, yonn ap gouvènen koulye a, dènye a poko vini. Lè la vini, li p'ap la pou lontan. Bèt la menm ki te vivan nan tan lontan men ki pa la koulye a, se yon witièm wa. Li fè yonn ak sèt premie yo, li pral fin pèdi tèt li nèt. Dis kòn ou wè yo, se dis lòt wa ki poko konmanse gouvènen. Men, y'ap resevwa pouvwa pou yo gouvènen tankou wa pandan yon ti tan ansanm ak bèt la. Yo toulèdis gen menm lide nan tèt yo, y'ap renmèt pouvwa yo ak otorite yo bay bèt la. Y'a goumen kont ti Mouton an. Men, ti Mouton an va kraze yo, paske li Chèf tout chèf, li Wa tout wa. Li va kraze yo avèk moun pa’l yo, moun Bondye te rele, moun li te chwazi, moun ki kenbe fèm ak li » (Revelasyon 17:9-14).

•    Revelasyon 19:16 prezante Jezi-Kris sou non ‘Wa tout wa yo’

« Yon epe byen file t'ap soti nan bouch kavalye a. Se ak epe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a. Sou rad li ak sou janm li yo te ekri non sa a: Wa tout wa yo, Chèf tout chèf yo »

•    Se sèl Jezi ki pral gouvènen Jerizalèm

« Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di zansèt nou yo: Ou pa dwe refize fè sa’w te sèmante pou’w te fè a. Se pou’w fè sa’w te sèmante fè devan Bondye. Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa fè sèman menm. Pa fè sèman sou syèl la, paske syèl la se fotèy kote Bondye chita. Pa fè sèman sou tè a, paske tè a se ti ban kote Bondye poze pye li. Pa fè sèman sou lavil Jerizalèm, paske se lavil gwo Wa a » (Matye 5:33-35).

•    Pitit David la resevwa omaj paske’l se Wa

« Ale nan bouk ki devan nou an. Kou n'a rive, n'a jwenn yon manman bourik mare, ak yon jenn ti bourik avèk li. Lage yo, mennen yo ban mwen. Si yon moun di nou kichòy, n'a reponn: Se Mèt la ki bezwen yo. Menm lè a, ya kite nou ale ak yo. Sa te rive konsa pou pawòl pwofèt la te di a te ka rive vre: Ale di moun lavil Siyon yo: Gade, men Wa nou an ap vin jwenn nou. Li san lògèy, li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman. Disip yo ale, yo fè tou sa Jezi te bay yo lòd fè a. Yo mennen manman bourik la ak jenn ti bourik la, yo mete rad yo sou bèt yo, epi Jezi moute chita. Yon foul moun te tann rad yo atè sou tout chemen an. Gen lòt menm ki te koupe branch bwa, yo mete yo atè nan chemen an. Ni foul moun ki t'ap mache devan Jezi a, ni moun ki t'ap mache dèyè’l yo, yo tout t'ap rele: Lwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la! » (Matye 21:2-9).

•    Gen moun k’ap bouche je yo sou Wa a, men gen lòt ki va pran swen’l

« ... Wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa’m, vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan. Mwen te grangou, nou ban’m manje; mwen te swaf dlo, nou ban’m bwè. Mwen te lwen peyi’m, nou te resevwa’m lakay nou. Mwen te toutouni, nou te ban’m rad. Mwen te malad, nou pran swen’m; mwen te nan prizon, nou vin wè mwen. Lè sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè’w grangou pou’n te ba’w manje? Kilè nou te wè’w swaf dlo pou nou te ba’w bwè? Kilè nou te wè’w lwen peyi ou, pou nou te resevwa’w lakay nou? Osinon toutouni, pou’n te ba’w rad? Kilè nou te wè’w malad, osinon nan prizon, pou’n te al wè’w? Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè’m yo, se pou mwen nou te fè li. Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p'ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo. Mwen te grangou, nou pa’t ban’m manje, mwen te swaf dlo, nou pa’t ban’m bwè. Mwen te lwen peyi’m, nou pa’t resevwa’m lakay nou. Mwen te toutouni, nou pa’t ban’m anyen pou mwen te mete sou mwen. Mwen te malad, mwen te nan prizon, nou pa’t vin wè mwen. Lè sa a, y'a reponn li: Mèt, kilè nou te wè’w grangou, osinon swaf dlo, kilè nou te wè’w lwen peyi ou, osinon toutouni, kilè nou te wè’w malad osinon nan prizon, jouk pou nou pa’t ba’w lasistans? Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou pa’t fè sa pou yonn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa’t fè li. Apre sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an » (Matye 25:34-46).

•    Wa Jwif yo jwenn adorasyon depi lè’l fèk fèt

« Jezi te fèt lavil Betleyèm nan peyi Jide, sou tan wa Ewòd. Apre li te fèt, kèk nèg save ki konn etidye zetwal yo soti nan peyi solèy leve, yo rive lavil Jerizalèm. Yo t'ap mande: Kote Wa Jwif ki fenk fèt la? Nou wè zetwal li parèt depi nan peyi nou an, nou vin adore’l » (Matye 2:1-2).

•    Pandan’l t’ap toumante Jezi anba keksyon, Pilat te mande’l si’l se Wa Jwif yo

« Lè’l fin fè jou, tout chèf fanmi yo, chèf prèt yo ansanm ak dirèktè Lalwa yo reyini. Yo fè mennen Jezi devan Gran Konsèy Jwif yo. Yo mande li: Manyè di nou: èske se ou ki Kris la? Jezi reponn yo: Si’m reponn nou, nou p'ap vle kwè’m. Si’m poze nou yon keksyon, nou p'ap vle reponn mwen. Men, depi jòdi a, Moun Bondye voye nan lachè a pral chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a. Yo tout di li: Ou se pitit Bondye a, pa vre? Li reponn yo: Apa nou di’l. Wi, se sa mwen ye menm. Lè sa a yo di: Nou pa bezwen okenn lòt temwen. Nou menm nou fèk tande pawòl ki soti nan bouch li. Tout bann moun yo leve, yo mennen Jezi devan Pilat. Rive la, yo pran depoze plent sou do’l, yo di konsa: Nou jwenn nonm sa a ap moute tèt pèt la. L'ap di yo pou yo pa peye Seza lajan taks yo. Li menm rive pretann se Kris la li ye, yon Wa. Pilat mande’l: Èske’w se Wa Jwif yo? Jezi reponn li: Se ou ki di’l » (Lik 22:66 - 23:3).

•    Menm sou kwa a, piblikasyon te fèt pou fè tout moun konnen ke Seyè a se Wa « Lè yo rive kote ki rele Gòlgota a (ki vle di: Plas zo bwa tèt la) yo bay Jezi bwè diven mele ak fyèl. Men, lè’l goute’l, li pa’t vle bwè’l. Apre yo fin kloure’l sou kwa a, yo tire osò pou separe rad li yo. Apre sa, yo chita ap veye’l. Yo mete yon ti pankat anlè tèt li pou fè konnen kòz ki fè yo te kondannen’l la—SA SE JEZI, WA JWIF YO » (Matye 27:33-37).

•    Pòl egzalte Kris la paske li se « … sèl otorite, se pou li sèl nou dwe fè lwanj. Li Wa tout wa, li Chèf       tout chèf » (I Timote 6:15).
Pa gen lòt ekriven biblik, an plis Matye, ki te jwenn enspirasyon sou wayote Jezi-Kris ansanm ak wayòm ni an. Levanjil apot la pran san’l pou’l byen elabore sou siyifikasyon ak tout sa ki andan Wayòm Syèl la. Matye itilize tèm sa 31 fwa nan liv li a (Matye 3:2; 4:17; 5:3,10,19,20; 7:21; 8:11; 10:7; 11:11,12; 13:11,24,31,33,44,45,47,52; 16:19; 18:1,3,4,23; 19:12,14,23; 20:1; 22:2; 23:13; 25:1). Menm jan syèl la te chwazi Jan Batis pou’l te prepare wout la pou Mesi a, se nan bouch li tou pawòl Wayòm Syèl la te soti an premye nan Levanjil Matye a. Pou’l ka fè nou wè enpotans wayote Sovè a, disip ki te ekri premye Levanjil la, te fè ekspre lè’l te kòmanse lis zansèt Jezi yo ak David olye Abraram: « Men non zansèt Jezi-Kris ki te pitit pitit David, pitit pitit Abraram » (Matye 1:1).

Wayote Kris la, ki te pwofetize sou twòn David la, ta vle sanble ak pwomès Letènèl te fè Abraram nan: « Lè Lo fin ale, Seyè a di Abram konsa. Kanpe kote’w ye a, voye je’w toupatou, nan tout direksyon: nò, sid, lès, lwès, paske mwen pral ba’w tout tè ou wè a pou ou ak pou pitit pitit ou yo pou tout tan. Mapral ba’w anpil pitit pitit. Si yon moun ka konte tout grenn pousyè ki sou latè, la rive konte pitit pitit ou yo tou » (Jenèz 13:14-16). Twòn David la te gen pou’l pa janm pran fen paske se Mesi a ki tapral chita sou li an dènye: « M'ap delivre’w anba men tout lènmi’w yo. Mwen te fè’w konnen m'ap ba’w pitit ak pitit pitit. Lè lè a va rive pou’w mouri, lè y'a antere’w, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete’l wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman’l lan kanpe fèm. Ap toujou gen moun nan fanmi’w chita sou fotèy la ap gouvène apre’w, paske m'ap fè twòn ou an kanpe fèm pou tout tan » (2 Samyèl 7:11-12, 16).

Tout pil wayòm sa yo kap plede goumen yon kont lòt yo pa soti lòt kote ke andan wayòm Satan. Se li ki chèf tout goumen e’l te kòmanse depi nan syèl la. Wayòm Bondye a, yon lè ki te gen tèt ansanm e ki te fòme ak tout planèt yo nan inivè a, te vin pèdi yonn nan patizann yo (latè) dèske lòm te dezobeyi. Se lanmò ti Mouton an ki te fè’l reprann plas li ; men rachètman sa ap reyalize lè Mesi a va retounen vin chache moun ki t’ap fè volonte’l yo e se menm lè sa tout nasyon, tout lang, tout pèp va flechi jenou yo devan Emanyèl pou yo rele’l ‘Wa tout wa yo’ e Seyè tout Seyè yo. Se pou gran jou sa ke syèl la non sèlman voye yon latriye zanj sou tè a pou pwoteje moun ki jis yo kont atak dyab la, men tou pou’l asire ke istwa k’ap pase sou tè a ap fèt egzakteman jan Bondye vle’l la.

Pou lèzòm pwoteje teritwa yo oswa pou yo met men sou peyi ki lènmi yo, yo pa gen lòt mwayen pou yo fè sa ke sèvi ak gwo zam lou tankou (galil, cha de gè, misil, eksplozyon, avyon de gè ak yon bann lòt). Tandiske, ‘Wa tout wa yo’ pap fè anpil efò pou’l remete wayòm pa’l lan nan menm kondisyon’l te ye a anvan peche te rive met pye sou li. Menm jan li te pale pou’l te kreye tout sa nou wè yo, e byen se konsa tou l’ap annik pale pou’l fè tout bagay vin tou nèf. Labib fè yon bèl rale pou’l eksplike dènye evènman ki pral mete fen nan tout wayòm sa yo ki sou latè.

« Nan rèy dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan » (Danyèl 2:44).

« Mwen pwoche bò yonn nan moun ki te kanpe la yo, mwen mande’l pou’l fè’m konprann tout bagay sa yo. Se konsa li esplike’m yo. Li di’m konsa: Kat gwo bèt sa yo, se kat wa ki gen pou parèt sou latè. Men, moun k'ap viv pou Bondye ki anwo nan syèl la pral resevwa gouvènman an nan men yo. Y'ap kenbe’l pou tout tan ki gen tan. Apre sa, mwen te vle konnen plis sou katriyèm bèt la ki pa’t tankou twa premye yo, bèt ki te move anpil la, avèk dan an fè’l yo ak grif an kwiv li yo, bèt ki t'ap manje tou sa ki te tonbe anba bouch li, ki t'ap kraze yo ak dan’l, ki t'ap pilonnen rès yo anba pye’l. Mwen te vle plis esplikasyon sou dis kòn ki te sou tèt li yo ak sou ti kòn ki te parèt apre a epi ki te fè twa nan lòt kòn yo tonbe. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Li te parèt pi gwo pase tout lòt yo. Antan m'ap gade konsa, mwen wè ti kòn lan pran fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo. Li fè yo soumèt devan li. Lè sa a, granmoun ki te la depi nan konmansman an parèt. Li rann jijman an favè moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Jou a te rive pou pèp Bondye a te resevwa pouvwa a nan men yo. Men esplikasyon moun lan te ban mwen: Katriyèm bèt la, se katriyèm gouvènman ki pral gen sou latè. Li p'ap tankou lòt yo. Li pral devore tout moun sou latè, l'ap pilonnen yo anba pye’l, l'ap kraze yo. Dis kòn yo, se dis wa ki pral alatèt gouvènman sa a. Apre yo, ap gen yon lòt wa ki p'ap tankou lòt yo. L'ap jete twa nan wa yo. L'ap pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, l'ap malmennen moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. L'ap fè lide chanje tout fèt ak tout prensip Lalwa Bondye a. Pandan twazan sis mwa, l'ap kenbe pèp Bondye a anba men’l. Apre sa, tribinal la va reyini pou rann jijman an. L'a wete pouvwa a nan men’l, l'ap kraze’l nèt, li p'ap janm chèf ankò. Y'ap pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvène tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li » (Danyèl 7:16-27).

Avèk lide sa nan tèt li dezi Jezi, san konte lanmò inevitab li te vin andire sou kwa a, se te pou’l revele Lalwa san parèy ki te gouvènen, kap gouvènen, e kap toujou gouvènen wayòm li an. Non sèlman li te envite moun ki vle eritye wayòm nan pou yo repanti, men an menm tan Kris la te fè yo konnen ke jistis yo dwe depase pa Farizyen yo (Matye 5:20) menm yo menm nan ki te responsab pou yo te pwoklame Wayòm Etènèl la. Jezi pa't gen lot chwa ke pou’l te fè yo konnen ke afè eritye wayòm syèl la yo pa ladann ditou ditou: « Apre sa, Jezi di yo: Èske nou pa janm li pawòl sa yo nan Liv la? Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Sa se travay Mèt la. Se bèl bagay pou nou wè sa. Se poutèt sa mwen di nou: y'a wete Peyi kote Bondye Wa a nan men nou, y'a pran’l bay moun yon lòt nasyon ki va bay rannman pou Peyi Wa a. Moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren’l. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou li, li gen pou’l kraze’l an miyèt moso. Lè chèf prèt yo ak Farizyen yo tande parabòl sa yo, yo vin konprann se pou yo Jezi t'ap pale » (Matye 21:42-45).

Antan ke ‘Wa tout wa’, Seyè a fè lemond konnen ke pa gen yon grenn lèt k’ap soti ou byen k’ap chanje nan Lwa pa’l la pou’l fè okenn moun plezi. « Sa m'ap di nou la a, se vre wi: tout tan syèl la ak tè a va la, pa yon ti detay, ni yon sèl ti bout lèt nan Lalwa a p'ap disparèt, jouk tout bagay ki pou rive yo rive » (Matye 5:18). Moun ki pa gen pwoblèm pou’l obeyi tout lwa yo k’ap gouvène syèl la ak tout kè’l, pap janm ezite mande Papa Bondye pou’l voye wayòm ni an menm jan Jezi te mete rekèt sa andan pryè li te kite pou disip yo. « Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non’w; vin tabli gouvènman’w, pou yo fè volonte’w sou latè, tankou yo fè’l nan syèl la » (Matye 6:9-10).

Otorite yon wa manifeste’l lè lòd li pase yo egzekite menm kote a oswa nan lè li te mande pou’l fèt la. Menm jan nou konnen, se pa tout lòd li pase ki toujou egzekite. Tandiske, enfayibilite ke Jezi genyen an fè nou wè ke’l gen pouvwa ni sou lemond vizib ak envizib, ni sou maladi, ni sou planèt yo, ni sou lanmò, ni sou kokobe, ni sou fè nwa ; sa vle di li gen otorite sou tout sa ke’l te kreye ansanm ak peche. Lè Kris t’ap geri malad yo, lè’l t’ap chase demon sou moun ki te posede yo, lè’l t’ap padonnen peche yo, lè’l t’ap kalme move tan yo se tout moun li t’ap fè konnen ke se Li menm ki Li menm nan, se Limenm ki gen tout pouvwa kòm ‘Wa tout wa.’

"Kite peche, paske wayòm Bondye a tou pre" Matye 4:17